Pou Manm MassHealth ki Kalifye yo

Patenarya Swen Sante Project Bread (Project Bread Healthcare Partnerships)

Yon Pwogram Bezwen Sosyal ki Gen Rapò ak Sante

Anchors List

Down Arrow

Byenvini nan Patenarya Swen Sante Project Bread

Project Bread bay manm MassHealth ki kalifye yo sèvis manje ak sèvis nitrisyon atravè pwogram Bezwen Sosyal ki Gen Rapò ak Sante (Health-Related Social Needs) a. 

Sèvis sa yo disponib sèlman pou manm MassHealth ki kalifye yo. Sèvis yo varye selon ACO a. Disponibilite sèvis sa yo kapab varye selon plan sante w la.

Kalifikasyon

Yo detèmine kalifikasyon pou Pwogram Bezwen Sosyal ki Gen Rapò ak Sante Project Bread la lè ou ranpli twa kritè sa yo.

  • Community Care Coorperative*
  • WellSense Community Alliance
  • East Boston Neighborhood Health WellSense Alliance
  • WellSense BILH Performance Network ACO
  • WellSense Boston Children’s ACO
  • WellSense Care Alliance
  • WellSense Mercy Alliance
  • Fallon 365 Care
  • Fallon Health-Atrius Health Care Collaborative
  • Tufts Health Together with UMass Memorial Health
  • Mass General Brigham


* Kowoperatif Swen Kominotè (Community Care Cooperative) ofri sèvis medikal ki fèt sou mezi ak kritè diferan. Ou kapab jwenn detay yo la

  • Men definisyon sekirite alimantè ki ba anpil: “konsomasyon alimantè manm yon fwaye redwi epi abitid manje nòmal yo deranje paske fwaye a manke lajan ak lòt resous pou manje”. 

  • Se yon kesyonè ki gen sis kesyon ki detèmine si yon moun ranpli kritè definisyon sa a. 

  • Bezwen ki gen rapò ak sante mantal 

  • Bezwen sante fizik konplèks 

  • Bezwen asistans pou aktivite lavi chak jou 

  • Itilizasyon repete sal ijans lan 

  • Moun ki ansent (avèk oswa san faktè risk klinik) 

  

Si ou kwè ou ranpli tout twa kritè sa yo, tanpri kontakte founisè swen sante ou, oswa kontakte founisè asirans ou pou yo fè yon tès depistaj pou elijiblite w. Yo ka refere w bay Project Bread, oswa yon lòt founisè sèvis, dapre bezwen medikal ou yo. 

Si ou resevwa kouvèti asirans ou atravè yon founisè MassHealth ki pa fè patenarya ak Project Bread, ou ka toujou jwenn asistans alimantè. Kontakte founisè w la epi mande enfòmasyon sou ki sèvis ki disponib. 

ACO Partner Logos

Pou Manm Enskri yo

Resous

Ou deja enskri nan pwogram nan ak Project Bread epi ou bezwen èd pou jwenn aksè nan benefis ou yo? Tanpri gade resous ki anba yo: 

ALE NAN RESOUS LA: 

Resous pou Manm Enskri yo

Kat Healthy Benefits+ Project Bread

Kat Healthy Benefits+ nou an ofri yon benefis makèt chak mwa pou moun ki kalifye yo. Ou ka itilize kat la nan pifò gwo makèt, tankou: 

A list of logos of grocery stores: Stop & Stop, Shaw's, Star Market, Hannaford's, Price Chopper, Walmart, and Dollar General

Gen plizyè douzèn makèt endepandan ki aksepte kat ou a, tankou America’s Food Basket, Tropical Foods nan Boston oswa Food Zone International nan Springfield. Jwenn magazen ki toupre w

JWENN APLIKASYON AN

Ak aplikasyon mobil Healthy Benefits+ la, ou ka jwenn aksè nan benefis ou yo nenpòt kote, nenpòt lè. Ou ka itilize benefis ou yo touswit pou pwodwi ki kalifye yo ak nimewo kat ou oswa kòd bar ou lè w ap peye. Se fasil! 

Healthy Benefits+ ba ou aksè fasil nan benefis ou bezwen pou ede w viv yon vi ki pi an sante. Ak Healthy Benefits+, ou ka: 

  • Gade balans benefis ou an 

  • Revize opsyon pou fè acha ou yo 

  • Gade atik ki kalifye yo 

  • Itilize nimewo kat ou oswa kòd bar ou pou w jwenn avantaj ou yo 

  • Revize istorik tranzaksyon ou yo 

  • Mete enfòmasyon kont ou ajou 
      

Revize materyèl debyenveni ou yo oswa konekte sou sitwèb pwogram nan pou w jwenn yon deskripsyon konplè sou benefis yo ak opsyon pou fè acha. 

Healthy Benefit+ App Starts Line

FAQ's

Kesyon yo poze souvan sou Kat Healthy Benefits+ Project Bread la.

Pwogram sa a bay de kat Healthy Benefits+ diferan: yon kat Manje ki an Sante Sèlman (Healthy Foods Only) ak yon kat Tout Kalite Manje (All Foods). 

  • Manje ki an Sante Sèlman: Ou ka achte tout kalite manje ak kat sa a EKSEPTE desè; ti goute (chips, biskwit, gato, sirèt, ak bonbon); soda; atik ki soti nan seksyon boulanjri a; ak manje trete ki konjele, tankou pitza konjele, krèm glase, ak aperitif. 

  • Tout Kalite Manje: Ou ka itilize lajan ou pou achte tout kalite manje. Ou pa ka achte alkòl ak atik ki pa manje ak kat ou a. 

Kat ou resevwa a depann de dyagnostik medikal ou ak plan asirans ou. Kowòdonatè nitrisyon ou an ap revize ki atik ou ka achte ak kat ou a. 

Non. Ou dwe itilize tout benefis manje ou yo nan yon peryòd 30 jou apati dat yo te bay yo a. Yo p ap pwolonje. Tcheke aplikasyon HealthyBenefits+ la pou wè ki dat yo bay benefis ou yo. 

Pou fè acha ak rekonpans ou yo, ou dwe aktive kat ou an premye. Pou aktive kat ou a, rele 1-833-832-7306 oswa ale sou Entènèt nan ActivateS3.com. Y ap mande w nimewo kat ou, kòd sekirite w la, ak dat nesans ou. Pou enstriksyon etap pa etap, tanpri gade videyo nou an: Kijan pou Aktive Kat Healthy Benefits+ Ou a

Nimewo kat ou a se nimewo 17 chif ki nan do kat ou a. Nimewo 4 chif ki anba nimewo kat la se kòd sekirite ou. Ou kapab jwenn enfòmasyon sa a tou sou aplikasyon mobil lan .  

Benefis yo se pou pitit ou a, epi ou dwe itilize dat nesans li pou w fè aktivasyon an. 

Kat ou a pa gen yon bann mayetik pou pase nan machin nan tankou kat debi òdinè. Kesye a ap bezwen eskane kòd bar ki dèyè kat la. Si w ap itilize kat la pou premye fwa nan yon nouvo magazen, nou rekòmande pou w teste l ak yon sèl atik anvan pou asire w li fonksyone kòrèkteman. Pou jwenn enstriksyon sou kijan pou itilize yon kòd bar vityèl atravè aplikasyon an, tanpri gade videyo nou an: “Kijan pou Itilize Kat Ou – Telefòn Entelijan”. 

Pa gen okenn restriksyon sou frekans acha yo. Si lajan w fini, w ap bezwen itilize yon lòt metòd peman pou kouvri pri atik ou yo. Ou pa ka ajoute plis lajan sou kat ou a. 

Ou ka tcheke balans rekonpans ou ki disponib la nan healthybenefitsplus.com/ProjectBread/Account/BalanceCheck oswa ak aplikasyon mobil la. Ou ka rele tou 1-833-427-1927 (TTY 711). Pou jwenn yon deskripsyon konplè sou benefis yo, tanpri konsilte materyèl debyenveni ou yo.http://healthybenefitsplus.com/ProjectBread/Account/BalanceCheck 

Yo rechaje kat ou a apeprè chak 30 jou. Ou ka tcheke balans ou tou lè w rele 1-833-427-1927 (TTY 711) oswa lè w vizite healthybenefitsplus.com/ProjectBread/Account/BalanceCheck

Kat Healthy Benefits+ ou a ap rete aktif toutotan w ap patisipe aktivman nan pwogram Project Bread la. Benefis yo bay chak mwa epi yo p ap pwolonje (yo ekspire chak 30 jou). Patisipasyon an ka sispann si w chanje founisè asirans, si w pèdi elijiblite w pou MassHealth, oswa si w pa reponn Kowòdonatè Project Bread ou a. 

Si kat ou a pèdi, yo vòlè l, oswa li domaje, ou ka mande yon kat ranplasman sou Entènèt oswa lè w rele Kowòdonatè Sèvis Nitrisyon ou an. Ou ka rele 1-833-427-1927 (TTY 711) tou pou pale ak yon reprezantan ki ka ede w mande yon kat ranplasman. Sa ka pran jiska 2-3 semèn pou nouvo kat ou a rive. 

Sitwèb ak aplikasyon mobil Healthy Benefits+ la pèmèt ou fè acha sou Entènèt epi jwenn aksè nan yon kat vityèl ou ka itilize pou fè acha nan magazen. Vizite https://healthybenefitsplus.com/ProjectBread pou kreye kont ou. 
 

Tanpri sonje aksè nan kont sa a mande yon koneksyon an sekirite lè w ap anrejistre. Sa ap mande pou w otantifye koneksyon w lan ak imèl ou ak telefòn mobil ou. Ou dwe gen aksè fyab nan toude pou kreye kont lan. Tanpri kontakte hsidsupport@healthybenefitsplus.com pou nenpòt kesyon oswa pwoblèm aksè. 

Resous pou Kat Healthy Benefits+ Project Bread

Klike sou "montre tout" pou wè tout resous yo

Klas sou Nitrisyon yon Dyetetisyen Dirije

Vin jwenn nou sou Entènèt pou kou kuizin amizan ak enteresan nou yo kote w ap aprann kijan pou prepare manje ki nourisan sou yon bidjè pou atenn objektif sante fanmi w oswa pa w. Tout kou yo fèt vityèlman sou Zoom. Si ou ta renmen enskri nan youn nan kou sa yo, tanpri kontakte Kowòdonatè Project Bread ou a. Dekouvri kou nou yo:

Yon seri 3 pati sou repa rapid, planifikasyon makèt, konstwi yon asyèt ekilibre, kreye ti goute ki an sante, ak konsèy pou timoun ki difisil. Se yon Dyetetisyen Lisansye ak yon Chèf Kuizin ki anseye klas sa a. 

  • Premye madi nan mwa a 

  • 5:00 – 6:00 pm 

Yon seri 3 pati sou planifikasyon repa, estokaj manje, mentni pwa, ak jwenn enèji pou fè egzèsis. Se yon Dyetetisyen Lisansye ak yon Chèf Kuizin ki anseye klas sa a. 

  • Dezyèm Madi nan Mwa a 

  • 5:00 – 6:00 pm 

 

Yon seri 3 pati sou kijan pou jere sik nan san, kreye konbo idrat kabòn ki ekilibre, ak chanjman nan vi w pou jere dyabèt. Se yon Dyetetisyen Lisansye ak yon Chèf Kuizin ki anseye klas sa a. 

  • Twazyèm Mèkredi nan Mwa a 

  • 5:00 – 6:00 pm 

Aprann kijan pou fè acha entelijan sou yon bidjè! Klas sa a repete chak mwa epi li kouvri fason pou navige nan makèt la, altènatif ki an sante pou manje rapid ak manje konjele, fason pou maksimize SNAP ak HIP, ak plis ankò. Se yon Dyetetisyen Lisansye ak yon Kowòdonatè Sèvis Nitrisyon ki anseye klas sa a. 

  • Twazyèm Madi nan Mwa a 

  • 5:00 – 6:00 pm 

Resous pou Klas Kizin

Enstriksyon pou w patisipe nan klas nou yo ak resèt pou w eseye lakay ou

Resous sou Nitrisyon

Konsèy pou jere kondisyon sante, prepare manje pou timoun, ak liv kuizin itil pou kwit manje sou yon bidjè. Klike sou "montre tout" pou wè tout resous yo.

Resous pou Manm Enskri yo

Konsèy sou Nitrisyon avèk yon Dyetetisyen

Dyetetisyen Lisansye nou yo bay manm MassHealth ki enskri nan pwogram nou an ki bezwen swen ki pi espesyalize, konsèy endividyèl sou nitrisyon. 

Kisa ou ka atann si w rankontre ak yon dyetetisyen? 

  • Nan premye sesyon ou an, n ap poze w yon seri kesyon sou sante w pou ede n konprann bezwen w yo nan domèn nitrisyon. Apresa, n ap pale avè w sou objektif sante w yo. 

  • Yon fwa nou fin konprann objektif ou yo, n ap travay avèk ou pou idantifye ti chanjman ou ka fè. 

  • Si w deside rankontre ak yon dyetetisyen plis pase yon fwa, n ap itilize sesyon anplis pou n revize pwogrè w, diskite sou defi w te rankontre yo epi kontinye bati sou chak siksè pandan w ap avanse nan direksyon objektif ou yo.